AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS DEFAKTO A BAY KONDISYON POU YON MOUN VIN PREZIDAN PEYI DAYITI.

Premye minis defakto a, Ariel Henry, fè konnen pwochen prezidan peyi Dayiti a se nan eleksyon li ap soti.

Doktè Ariel Henry voye yon mesaj bay tout moun ki panse yo ka prezidan Ayiti san yo pa ale nan eleksyon. « Nan kontèks aktyèl la, m ap raple ak tout moun pa gen okenn mwayen legal ou enkonstisyonèl pou chwazi yon prezidan pwovizwa legal », fè konnen doktè Ariel Henry.

Defakto a, pi lwen, fè konnen gen moun ki chwazi wout vyolans kote yo elimine responsab chèf Leta a. » Pwochen prezidan peyi a ap soti nan eleksyon lib, onèt ak demokratik », Ariel Henry.

« Enstabilite politik la koute nou chè anpil. Li se yon devwa pou tout demokrat ayisyen pou yo mete anbisyon patizan imedya yo sou kote e pou kapab genyen mete ansanm nan kreye yon anviwonnman estab ak pwopis pou relanse aktivite ekonomik yo ak òganizasyon eleksyon yo », kontinye defakto a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …