AYITI/EKONOMI : »REDRESMAN EKONOMIK LA SE AVNI PEYI DAYITI » DEKLARASYON FRITZ ALPHONSE JEAN

Nan yon konferans deba chanm Franko-Ayisyen komès ak endistri òganize anba tèm  » Haïti : Urgence d’un redressement économique » jounen mèkredi 19 janvye 2022 nan otèl Karibe, te fè yon bat bouch sou zafè ekonomi peyi Dayiti ,ekonomis Fritz Alphonse Jean mete aksan sou yon pakèt pwen esansyèl tankou : aspè makwoekonomik, fayit Leta a pou li sekirize lavi sitwayen yo, redresman ekonomik.

 » Redresman ekonomi an se avni Dayiti. Li pase pa yon chwa sosyete. Chwa sosyete a se relasyon Leta devlope avèk sosyete a », eksplike kandida pou pòs prezidan pwovizwa peyi Dayiti a, Fritz Alphonse Jean

Ansyen gouvènè nan bank santral la, Fritz Alphonse Jean eksplike « Sityasyon nou an avèk tout pyèj nou konnen yo mete nasyon nou an anfas yon danje. Fòk nou prese. Fòk nou aji vit. Nou kapab mete baz pou frennen kote nou ap degringole ».

Ekonomis Etzer Émile, nan ti koze ki te ap fèt sou ekonomi peyi a, fè konnen li ap difisil pou ta gen yon redresman ki fèt nan ekonomi ki konsantre tankou pa nou an kote konkirans la prèske pa egziste. » Ayiti se ekonomi nan rejyon an kote pa gen konkirans ditou. Sa vle di se gwoup antrepriz fèmen ki kontwole sektè yo. Nou pa chwazi modèl, gen yon modèl ki chwazi nou. Li rele ekonomi enpòtasyon. Sa lakoz jounen jodi a enpòtasyon Ayiti prèske 85% PIB li », esplike ekonomis Etzer Émile.

Pwofesè Etzer Émile ale pi lwen pou li di selon fowòm ekonomik mondyal 18 pwodui ayisyen plis konsome yo se oligopòl. Sa vle di, ajoute Etzer Émile, ap gen difikilte pou pale sou inovasyon, konpetitivite. Si nou pa pale de sa yo se ap lave men siye atè ».

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …