Evelyn Miller, yon kreyatris pou kontni »adulte » fè konnen li te dekouvri lè l te gen 20 lane li te fèt ak de (2) bouboun epi de (2) iteris, yon kondisyon medikal ki pa komen ki rele » utérus didelphe ».
Se nan moman li t ap mete fen ak yon gwosès doktè yo te gen difikilte pou yo te jwenn anbriyon an paske li te kache nan iteris li. Se lè sa li te rive konprann rezon ki lakoz li toujou ap gen san nan kilòt li malgre li mete kotèks.
Li kòmanse tire pwofi de patikilarite seksyèl sa nan moman li vin ap travay nan endistri sèks ( fè bagay) kote li itilize yon bouboun pou travay li ak yon lòt pou lavi pèsonèl li.
« Sa ede m nan sans li fè travay mwen vin pi fasil emotivman ak fizikman pou mwen », daprè sa l deklare.
Genyen de (2) bouboun gen avantaj li ak enkonvenyan l: li mete de (2) kotèks lè l gen règ li e li teste de kote lè l ap fè tès despistaj IST.
» M te ka pote de bebe alfwa si m te vle, men l t ap danje pou kòm. M dwe fè atansyon », daprè sa l fè konnen avan li afime sa pa gen sèlman move kote l.
« Fè bagay nan chak vajen yo diferan anpil. M prefere youn yon kote, men sa depan de fòm nèg m chwazi fè lanmou an. Nou ka ap fèl yon kote epi n ap itilize yon jwè nan lòt kote a epitou, gen yon pakèt pozisyon nou ka eseye », deklare fanm ostralyèn 31 lane a.
Evelyn gen yon premye timoun li fè pa sezaryèn nan mwa jwen 2021 e pou kounya, li ansent de yon dezyèm bebe, rapòte LADbible.