AYITI/POLITIK: ARIEL HENRY FIKSE POZISYON GOUVÈNMAN AN SOU DAT 7 FEVRIYE 2022 A

Premye minis defakto a, Ariel Henry, fè konnen jounen vandredi a dat 7 fevriye 2022 ki ap vini la se p ap fen manda gouvènman an ki gen pou misyon òganize eleksyon lib, onèt ak demokratik nan tout peyi a.

Chèf gouvènman defakto Ariel Henry ak tout gouvènman an p ap fè wonn pòt 7 fevriye 2022. « Se p ap fen manda gouvènman an », deklare responsab primati a.

Yon lòt kote, doktè Ariel Henry pa kontan demach ki ap fèt nan sosyete a pou chwazi yon prezidan pwovizwa pou tranzisyon an. » Pa gen okenn dispozisyon legal ni konstisyonèl ki bay yon moun dwa pou deziye yon prezidan pwovizwa », selon Ariel Henry.

Mesye Ariel Henry, pi lwen, deklare li espere tout moun ap rive konprann inisyativ sa yo se plis dlo yo vide nan jaden divizyon yo.

« Pwochen prezidan peyi Dayiti ap genyen an se pèp ayisyen an k ap chwazi l », enfòme chèf gouvènman defakto a, Ariel Henry.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …