AYITI/GOUDOU GOUDOU: MOUN KAP VIV NAN DEPATMAN NIP AK GRAN SID KONNEN YON NWIT NWA

Apre tè a fin souke nan plizyè komin nan depatman Nip la byen bonè lendi 24 janvye 2022 a, popilasyon an konnen yon nwit nwa akoz detanzantan yo santi yon ti replik.

Moun ki ap viv nan kay beton yo oblije abandone kay yo pou evite ti replik detanzantan sa pa met yon bout nan vi yo, sa ki mete yon gwo perèz nan mitan popilasyon an, anpil moun oblije dòmi kay yon pwòch yo ki pa an beton, kèk nan yo dòmi anba galri yo.

Nan divès komin nan gran sid la, moun yo jwenn ti replik yo, sa ki mete yo nan gwo kè sote kote yo oblije abandone kay yo e chache yon kote ki pi an sekirite pou yo dòmi men sa ki pat anpeche a chak fwa yon ti sekous tout moun kouri.

Nap raple tè a te souke wikenn ki sot pase a nan komin Pòdepè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …