AYITI/POLITIK :OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN FIKSE POZISYON LI SOU FEN MANDA PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY

Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), enstitisyon nasyonal endepandan nan zafè pwomosyon ak defann dwa moun, nan yon nòt ki parèt 23 janvye 2022, fè konnen manda premye minis defakto Ariel Henry ap rive nan bout li 7 fevriye 2022 ki ap vini la.

« Selon tout kalkil matematik, manda prezidansyèl mesye Jovenel Moïse ki te prete sèman 7 fevriye 2016 pou yon manda 5 lane, malerezman asasinen nan dat 7 jiyè 2021, ap fini 7 fevriye 2022″, esplike ofis pwoteksyon sitwayen.

 » Doktè Ariel Henry prezidan Jovenel Moïse te nonmen kòm premye minis de jou anvan asasina epi enstale gras ak lachte kèk moun epi presyon kèk lòt pa gen okenn baz jiridik pou rete nan pòs premye minis la. Fen manda li makònnen ak dat 7 fevriye 2022 a », daprè enstitisyon endepandan nan koze defann ak fè pwomosyon dwa moun nan

OPC, aprè apwòch matematik la, apiye sou yon baz jiridik pou li fikse pozisyon li sou fen manda premye minis defakto Ariel Henry a epi nan sans sa se atik 149 konstistisyon 1987 amande a ofis pwoteksyon sitwayen rale.

OPC, pi lwen, parapò ak atik 149 konstitisyon 1987 amande a, fè konnen nan ka doktè Ariel Henry a 120 jou a gentan pase lontan paske li sou pouvwa a depi 6 mwa. » Nonsèlman li endekste nan asasina prezidan Jovenel Moïse, bilan  pa bon ditou. Rezilta yo, nan sa ki gen pou wè ak gouvènans, transparans, sekirite ak dwa moun pa bon », daprè OPC.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …