AYITI/ POLITIK: MOÏSE JEAN CHARLES FÈ YON GWO DEKLARASYON APRE SA KI FIN RIVE LI NAN PEYI ETAZINI AN.

Ansyen senatè depatman Nò a, Moïse Jean Charles reyaji apre imigrasyon nan peyi Etazini koupe viza li.  » Depi w wè loksidan trete m konsa konnen m frape yo fò », deklare ansyen kandida pou pòs prezidan an nan ayopò Toussaint Louverture devan kamera ak mikwo jounalis nan dat 25 janvye 2022.

« Yo mande mwen mwa novanm 2021 an kisa mwen te di ak Maduro. M pa t janm rankontre ak Maduro mwa novanm 2021″, esplike Jean Charles Moïse ki, an menm tan, fè konnen lè l kite imagrasyon an yo al avèl nan lòt sal pou yo kontinye poze l kesyon. » Yo di m kisa m t al fè an Afrik. M di, si yo vle arete m yo mèt arete m m p ap janm di kisa m t al fè an Afrik », kontinye ansyen senatè a.

Yon lòt kote, Moïse Jean Charles reyaji sou fason ajan imigrasyon yo trete l nan peyi Etazini.  » Depi 4è 30 pou rive minui y ap poze m kesyon. Epi a minui edmi yo mete m nan prizon. Yo fè m fè dezèd tan nan yon chanm fwad. Sa ki fè m mal, yo fè m ouvè bouch mwen pou yo mete yon seri aparèy anndan bouch mwen. Se bagay grav sa ye. Depi w wè loksidan trete m konsa konnen m frape yo fò », pawòl lidè platfòm politik pitit Dessalines nan.

Moïse Jean Charles wè nan tretman yo ba li nan peyi Etazini an yon zak lachte. « Loksidan enkyete. Yo pa t konnen si Ayiti ta pral leve tèt li. M denonse ak (acte) Etazini poze la. Se yon ak (acte) lachte. M se yon sitwayen ayisyen, yon ansyen senatè, yon moun ki te nan eleksyon ou pa ka mande m si m al yon kote kisa m t al di non sa se lach », denonse Moïse Jean Charles ki enfòme yo koupe viza li e l ap pase 5 lane san li pa ka rantre nan peyi Etazini.

« Se yon wont pou yon gwo peyi tankou Etazini pou nou nan venteyinyèm syèk epi pou se konsa y ap aji », daprè Moïse Jean Charles. Pou sa ki pou wè ak vwayaj li nan peyi Nijerya a, lidè platfòm politik pitit Dessalines nan fè konnen li te soti pou pèp ayisyen an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …