Lapolis Nasyonal Dayiti fè yon kou. Chofè chèf gang Vitelhomme, Joseph Jefferson alyas Djeff, tonbe nan echanj katouch avèk fòs lòd yo nan yon operasyon ki mennen jounen mèkredi 26 janvye 2022.
« Joseph Jefferson alyas Djeff, chofè Vitelom, youn nan prensipal alye gwoup gang 400 mawozo blese mòtèlman nan yon operasyon jounen mèkredi 26 janvye 2022 a »,ekri sou paj fesbouk ofisyèl Polis Nasyonal Dayiti.
Enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti presize se DCPJ, notamman BRI ki t ap fè operasyon sa nan Taba. « Pandan operasyon an yon machin pikòp ISUZU koulè blanch 4 pòt, yon motosiklèt HAOJIM, yon zam Glòk seri ilizib ak 2 telefòn konfiske ».