Federasyon ayisyèn foutbòl, nan yon kominike ki soti vandredi 28 janvye 2022 a, anonse nominasyon Nicolas Delépine nan tèt seleksyon feminen foutbòl la.
Yon seleksyonè tounèf pran tèt seleksyon nasyonal feminen an, daprè federasyon ayisyen foutbòl. « Orijinè nan vil fransèz Nant, M. Delépine gen 43 lane sou tèt li e li trennen dèyè l 20 lane eksperyans nan foutbòl fransè a notamman nan klèb Nant, Monpelye, Gengan e tou dènyeman la nan ekip feminen Grenob lig 2 fransèz D2″, rapòte nan kominike a.
Federasyon ayisyèn foutbòl prezise misyon M. Delépine gen pou l akonpli nan tèt ekip la. » Koup dimonn Ostrali & Nouvèlzeland 2023, je olenmpik pari 2024 ak Gòlkèp 2024″.
Nou ap raple Ayiti k ap rantre nan eliminatwa nan mwa ki ap vini an, dwe jwe de (2)A premye match li yo nan dat 17 ak 20 fevriye kont « Honduras » nan peyi Sendomeng a domisil e kont Sen Vensen e Grenadin nan peyi Kiba.