AYITI /SOSYETE :KENZ(15) FANM RESEVWA PRI « FEMMES DOFEN 2021 »

Medya an liy, Dofen News, nan kad twazyèm edisyon « Dofen Award 2021 », te onore plizyè 15 fanm ki soti nan dis depatman peyi Dayiti nan dat 28 janvye 2022 an.

Kenz (15) fanm resevwa pri « Des femmes Dofen 2021″ vandredi 28 janvye a. Daprè Daniela Jacques, objektif la se mete an valè fanm sa yo ki te fè remake yo pandan lane 2021 an.

 » Inisyativ sa, nan nannan li, gen pou objektif valorize potansyalite fanm yo pou yo kapab kontinye enspire yon pakèt jenerasyon k ap vini », deklare madam Jacques, yon lòt kote, souliye « Prix Femme Dofen se yon angajman pou yon sosyete pi jis epi egalitè ».

Bò kote pa li, direktris twazyèm edisyon » Dofen Award 2021″ an, Fabiola Carmel Welington, fè konnen se fanm yo ki matris soyete e monn lan pa ka fonksyone san yo.

Pami pèsonalite ki te fè pati seremoni an te gen: Roudy Stanley Pen, anbasadè Ayiti nan peyi Taywan, Wen-Jiann Ku, anbasadè Taywan nan peyi Dayiti ak yon pakèt ansyen fanm Dofen.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …