ETAZINI/VIZA: ADMINISTRASYON BIDEN NAN PRAN DESIZYON POU MOUTE PRI TOUT VIZA LI YO.

Otorite nan peyi Etazini yo pran desizyon pou moute tout viza yo pou moun ki pa imigran, selon yon nòt ki soti nan rejis federal ki se piblikasyon ofisyèl gouvènman ameriken an.

Depatman deta vle pou nouvo pri yo antre an aplikasyon nan mwa septanm 2022 ki ap vini la pou pita, yap resevwa komantè sou ogmantasyon ke gouvènman an propoze yo jiska 28 fevriye 2022, selon menm nòt la.

Administrasyon Biden nan pran desizyon sa nan yon moman kote moun kap vwayaje nan peyi Etazini redui anpil, selon sa espè an politik nan imigrasyon Enstiti Cato David Bier fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …