LEMOND/GÈ: PREZIDAN AMERIKEN MANDE POU TOUT AMERIKEN KITE PEYI IKRÈN RAPID VIT

Prezidan ameriken an, Joe Biden mande jounen jedi 10 fevriye 2022 an pou tout moun ki gen nasyonalite ameriken kite peyi Ikrèn rapid vit.

Prezidan an ki fè deklarasyon sa sou medya ameriken NBC, bay rezon pou yon ameriken pa menm dwe kite yon segond pou pi piti pran yo nan peyi Ikrèn. Selon prezidan an, malgre anpil efò diplomatik kap fèt pou evite bagay yo vin pil myèl, nan yon ti bat je lame peyi Larisi kapab anvayi peyi Ikrèn.

Pi lwen, Joe Biden deklare li pap voye sòlda vin chache ameriken ki nan peyi Ikrèn yo pou evite yon echanj katouch ant lame ameriken ak lame Ris ki kapab debouche sou yon twazyèm gè mondyal, pou sa, tout sitwayen li dwe kite peyi Ikrèn pa nenpòt mwayen pou sove lavi yo.

Pou fini, Joe Biden fè konnen nou an afè ak youn nan pi gwo lame nan mond lan, ki se lame peyi Larisi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …