AYITI/ZEN: MIKABEN PREZANTE ESKIZ LI BAY ANNIE ALERTE AK LASOSYETE AN JENERAL

Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, Mikaben, touswit apre eskandal entèvwyou li te bay kote li t ap pale de Annie Alerte la, mande menm Annie Alerte sa eskiz ak tout lasosyete.

Chantè a nan videyo ki ap fè tou rezo sosyal yo, fè konnen, pou defann tèt li se pa tout entèvyou li bay la ki soti, men se sèlman yon ti moso. » Nan ti moso sa ki soti a se yon imaj de Mika avèk anpil mank respè anvè yon moun ki se yon atis tout moun renmen. Mwen menm pèsonèlman, m gen anpil estim pou li », esplike Mika.

Ansyen chantè krezi mizik la, pi lwen, fè konnen se domaj moso sa ki soti a pa fè Annie jistis e li pa fè relasyon m te gen ak Annie a jistis non plis. » M vrèman dezole, Annie pa merite sa », konkli enteprèt Ayiti se a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …