AYITI/MANIFESTASYON:ANPIL MOUN MANIFESTE DEVAN AYEWOPÒ ANTOINE SIMON KONT ENSEKIRITE MATISAN

Anpil moun nan Okay manifeste devan ayewopò Antoine Simon an kont ensekirite Matisan nan jounen vendredi an.

Ensekiri ap taye banda nan rantre sid kapital la pa kite moun okay endiferan. Nan sans sa, jounen vandredi 18 mas 2022 plizyè divèn nan yo te foule beton an douvan ayewopò Antoine Simon an nan lide pou mande Leta pou rezoud pwoblèm Matisan an._

Sa gen plis pase ui(8) mwa depi nèg ak zam achte Matisan lajankontan kote moun pa janm sispann mouri. Nèg ak zam k ap kontwole rantre sid kapital la, nan nivo Matisan fouye ak touye moun lè lide yo di yo. Moun Okay, parapò ak briganday sa yo, manifeste pou mande Leta pou rezoud pwoblèm Matisan an.

Yon pakèt moun ki pase pa avyon pou yo ale nan Pòtoprens, manifestan yo fè konnen si pa gen wout atè pa ka gen wout anlè. Daprè yo menm, Leta itilize ensekirite nan Matisan an pou l fè lajan sou sitwayen yo.

Nou ap raple, dènye jou yo prèske chak jou nèg ak zam fouye bis ki ap pase nan Matisan epi tout sa yo ap pede fèt anba bab Leta.

Kredi foto:facebook

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …