AYITI/REVANDIKASYON: POPILASYON WANAMENT LAN PILE BETON AN BYEN BONÈ MATEN LENDI 21 MAS 2021 AN

Byen bonè maten lendi 21 mas 2021 an, popilasyon kap viv nan komin Wanament la mete pye yo atè pou mande kouran epi mande otorite defakto yo pou fini plizyè travay ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse te kòmanse fè nan vil la.

Mouvman sila paralize anpil aktivite nan vil la tankou lekòl, pak endistriyèl CODEVI, aktivite komèsyal yo pou site a yo. Popilasyon an denonse jan vil la sal, yo fè konnen pa gen dlo, pa gen kouran, lopital.

Yo tou pwofite mande pou gouvènman defakto an fini travay sa yo « Parc de jeu de Gaillard », plas « Delivrance » lan, lopital réference, Lise Réné Théodore ke ansyen prezidan Jovenel Moïse te kòmanse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …