AYITI/MANIFESTASYON: MANIFESTAN NAN VIL OKAY LAKOZ YON MOUN MOURI, PLIZYÈ BLESE EPI POPILASYON AN METE DIFE NAN YON TI AVYON NAN AYOPÒ ANTWÀN SIMON

Sityasyon tansyon nan vil Okay jounen madi 29 mas 2022 a nan kad manifestasyon popilasyon an ap fè kont ensekirite nan rantre Sid kapital la, bilan yo yon moun mouri, plizyè lòt blese epi manifestan yo mete dife nan yon ti avyon ki te nan ayopò Antwàn Simon an.

Manifestan yo rive mete dife nan yon ti avyon nan ayopò Antwàn Simon an pandan yo t ap manifestan kont nivo ensekirite a ki pa janm sispann taye banda nan rantre sid kapital la.

 

Gen 2 moun ki soti blese nan kad ensidan ki rive nan ayopò Antwàn Simon an, daprè sa jounalis Echo Jounal konstate.

 

N ap raple mouvman sa a  òganize kont lavi chè ak ensekirite sou sityasyon rantre sid kapital la, patiklyèman nan nivo Matisan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …