Tribinal militè Ouagadougou, kondane twa (3) moun ki gen men yo tranpe nan lanmò ansyen prezidan peyi Boukinafaso a, Thomas Sankara pou pase tout vi yo nan prizon jounen mèkredi 6 avril 2022 a.
Pami moun sa yo ki pral pase tout vi yo nan prizon an, nou jwenn ansyen prezidan Blaise Compaoré, chèf sekirite li nan epòk la Hyacinthe Kafando epi jeneral Gilbert Diendéré, ki li menm te deja kondane pou li pase 20 lane nan prizon akoz li te patisipe nan yon tantativ koudeta nan lane 2015.
Nap raple ansyen prezidan peyi Boukinafaso a, Thomas Sankara te asasinen nan lane 1987
kredi foto: Le monde