Site Soley Menase Bloke Wout Pou Karavane Nan

Enfo: Kowòdonatè kazèk dezyèm seksyon vare a Charlemagne David ak delege vil Site Solèy la Antoine Lucson bay yon konferans de près pou mande prezidan peyi a Jovenel Moise materyèl pa yo pou karavan nan ki rive nan depatman lwès la.

Selon delege vil Site Soley la 80% materyèl karavan nan gentan distribiye nan divès meri nan lwès la, meri Site Solèy pa jwenn anyen, delege a fè konnen karavane nan pap posib nan lwès la san Site Solèy, delege a anonse si yo pa jwenn materyèl yap fèmen twoutye, yap bloke wout nasyonal#1 an ak Boulva ameriken.

Kowòdonatè kazèk dezyèm seksyon vare a bo kote pal mande prezidan Jovenel Moise kenbe pwomès li, paskel te di li pral travay avèk kolektivite yo ki se kazèk azèk ak delege vil yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …