LEMOND/GÈ: PEYI LARISI FÈ PREMYE FRAP LI SOU PEYI ETAZINI JOUNEN JEDI 21 AVRIL 2022 A.

Otorite nan peyi Larisi yo deside frape peyi Etazini jounen jedi 21 avril 2022 a, minis afè etranje peyi Larisi a entèdi pou antre lakay li 29 gwozotobre ameriken.

Pami moun sa yo ki pap ka pile tèritwa Ris la, PDG facebook la Mark Zuckerberg, vis prezidant amerikèn nan Kamala Harris ak plizyè gwo chabrak nan mond politik, medyatik ak biznisman ameriken. Desizyon sa pran pou moutre peyi Etazini ke yo menm tou yo ka pran pran sanksyon kont li, jan yo deside pran desizyon kont Larisi dèske yo atakte peyi Ikrèn nan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …