AYITI/ENSEKIRITE: YON GWO TÈT NAN MINISTÈ JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA GEN MEN LI NAN TRAFIK ZAM

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jacques Lafontant lage yon manda ale chache mennen bon mwen dèyè direktè adjwen afè jidisyè ministè jistis ak sekirite piblik la, Fritz Aubourg.

komisè gouvènman Pòtoprens lan pran desizyon sa akoz direktè adjwen an te bay ansyen komisè gouvènman Pòdepè a, Michelet Virgile lòd lòd pou libere de (2) moun lapolis te arete nan trafik zam ak katouch nan yon ti bato sou waf Pòdepè a jou ki te premye jiyè 2022 a.

Nap raple, komisè gouvènman Pòtoprens lan pran desizyon pou mete manda dèyè direktè adjwen ministè a, Fritz Aubourg apre arestasyon ansyen komisè gouvènman Pòdepè a, Michelet Virgile.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …