Direktè jeneral lopital Saint Boniface la ki chita kò li nan zòn Fondèblan, Inobert Pierre jwenn liberasyon li jounen 19 jiyè 2022 a apre li fin pase 8 jou nan men kidnapè yo.
Direktè Jeneral la jwenn liberasyon li apre fanmi li ak zanmi li fin peye lajan pou sa, direktè a te kidnape pa gwoup 400 mawozo nan komin Kwadèboukè jou ki te 11 jiyè 2022 a, bandi yo te mande 400 mil dola pou yo te libere li selon sa yon pwòch li te fè nou konnen.