LEMONN/KOWONAVIRIS: PREZIDAN AMERIKEN AN GEN KOWONAVIRIS.

Prezidan peyi Etazini an, Joe Biden gen kowonaviris selon yon kominike pòt pawòl li a,Karine Jean-Pierre  mete deyò jounen jedi 21 jiyè 2022 a.

Selon kominike a, Joe Biden te gen ti sentom ki parèt sou fòm fatig, tous epi rim kap koule, se sa ki fè yo ta pral fè yon tès kowonaviris pou li, rezilta a soti pozitif. Pou asire popilasyon an prezidan an soti yon twit pou fè konnen li trè byen, mezon blanch bò kote pa li bay garanti ke yap kenbe tout moun enfòme de tanzantan sou eta prezidan an.

Nap raple prezidan ameriken an, Joe Biden te pran de (2) dòz vaksen vaccin Pfizer-BioNTech nan mwa desanm 2020 ak janvye 2021 epi li te pran de (2) piki nan mwa septanm 2021 ak mas 2022.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …