AYITI/KRIZ: PREMYE MINIS DEFAKTO A ANONSE LI PRAL BAY POPILASYON AN YON PRESKRIPSYON MANMAN PITIT MARE SENTI.

Premye minis defako a, Ariel Henry anonse jounen mèkredi 20 jiyè 2022 a li pral bay popilasyon an yon preskripsyon manman pitit mare senti nan jou kap vini la yo.

Premye minis defakto a fè deklarasyon sa nan yon adrès ak nasyon an kote li tap eseye bay bilan premye ane li nan tèt peyi a, mouche a anonse li pral moute gaz la pou yon dezyèm fwa pandan pri tout kous machin gentan double, pri tout pwodui premye nesesite yo gentan tèt nèg, tout ti lajan malere yo fini nan peye kidnapè san konte lajan yap depanse lopital pou sove lavi fanmi, zanmi kap resevwa bal nan men bandi maten midi swa.

Yon preskripsyon ki leve plim sou do anpil moun nan popilasyon an, kèk òganizasyon ak kèk politisyen ki ap laloz nan mizè popilasyon pa sispann mache nan medya yo. Popilasyon an lage de (2) bwa balanse, pa gen pèsòn ki pou di yon mo pou yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …