AYITI/DWÀN: DIREKSON OFIS SANTRAL AGD CHITA PALE AK PLIZYÈ KOMÈSAN NAN È METWOPOLITÈN NAN

Direksyon Ofis santral AGD chita pale jounen madi 26 jiyè 2022 a ak plizyè komèsan nan è metwopolitèn nan.

Objektif chita pale sila, selon direktè Jean Ralph Gracia se amelyore patenarya ant la dwàn ak diferan sektè nan vi nasyonal la ki nan komès entènasyonal, ak amelyore fason fouy yo ap fèt pou kontwole sa ki ap antre nan peyi a. Direktè a anonse yon komisyon ap gen pou kreye pou reponn ak pwoblèm komèsan yo te poze pandan rankont sila.

Pi lwen, direktè a fè konnen jan de rankont sa yo ap kontinye fèt pou kapab amelyore kalite sèvis yo jan lalwa mande sa an menm tan jere patenarya ak sektè prive a. Nan rankont sila te gen responsab sant komèsyal mache taba a ak mache Hyppolite yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …