AYITI/EKONOMI: SITYASYON KONPLIKE POU MOUN KAP FÈ TRANZAKSYON NAN SIKISAL BANK YO NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Nan yon virewon nan dives sikisal bank nan kapital peyi Dayiti jounen mèkredi 10 dawout 2022 a, kliyan yo kritike move tretman ak kalvè yap monte pou fè yon tranzaksyon anndan bank yo.

Selon anpil nan kliyan yo ki te reyaji nan mikwo Echojounal, bagay la konplike anpil pou yo, tretman yo pa bon ditou. Anvan yon moun rive antre nan yon bank li kanpe nan yon solèy cho bò lari a pandan plis pase 2 a 3zèdtan, apre pou li al pran yon lòt liy men longè ankò anndan bank pou li al pase prèske menm kantite tan an, pafwa yo konn fin rive sou kès la pa gen siyal, lè yo resi jwenn sèvis la lè yo soti deyò bandi pran kòb la nan men yo.

Selon temwanyaj Gerald Jean Baptiste, kèlkanswa sa ou pral fè nan bank lan ke ou pral fè retrè, ke ou pral fè depo, ke ou pral touche si travay ou se viman li fè, ke ou pral peye lekòl pou repete sa yo ou pase menm mizè a, selon Jean Baptiste sak konn pi grav la yon moun konn leve byen bonè al pran liy epi yon lòt moun parèt li gen moun anndan bank lan li jis antre pandan moun ki te leve byen bonè pran liy lan kanpe ap griye nan solèy la.

Majorite nan bank yo pa gen lakou ni kote pou kiyan yo pare solèy, si ta genyon lapli menm se tèt chaje moun nan oblije ale si li pa vle mouye.

Selon temwanyaj Judith Saint Juste, yon moun ki ta gen moun lopital se labank li prale pou li jwenn lajan pou ba li lavi moun sa deja mouri, Judith te tou pwofite poze tèt li kesyon sou moun kap defann dwa moun yo, “èske yo pa wè ki mizè yon moun ap pase sou pwòp lajan li redi fè?”

Nap fè konnen sityasyon difisil sa yo moun yo ap konnen nan bank yo pa chita sèlman nan bank ki nan kapital la, se menm sityasyon pou bank ki nan vil pwovens yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …