AYITI/POLITIK: EKONOMIS FRITZ ALPHONSE JEAN FÈ YON GWO DEKLARASYON PANDAN LI TAP PATISIPE NAN ASANBLE JENERAL « IPAM » NAN.

Ekonomis, Fritz Alphonse Jean ki tap patisipe nan asanble jeneral òganizasyon sosyo politik « IPAM » ki gen pou definisyon Inisyativ Patriyòt Maryen jounen mèkredi 10 dawout 2022 a fè yon gwo deklarasyon.

Ekonomis la deklare pandan nap lonje kwi nou bay lòt peyi pou fè nou zèv, peyi a pèdi chak anè nan dwàn yo sèlman pou pi piti 500 milyon dola, li pèdi 500 milyon dola nan DGI, lajan sa yo ale jwenn yon ti gwoup kap taye banda nan dwàn yo ak nan DGI, se ti gwoup sa ki gen dwa enpòte anndan peyi a, se yo ki kòmande e fè sa yo pito.

Fritz Alphonse Jean mande popilasyon an gonfle ponyèt yo pou yo goumen jiskobou pou pran pouvwa a pou chanje eskanp figi peyi a kap depafini chak jou Bondye mete.

Pilwen, ekonomis lan lonje dwèt li sou yon gwoup nan sektè prive a ak nan leta ki ap bay ti jèn yo zam ak minisyon pou yo kapab toujou gen kontwòl yon seri zòn lè pral gen eleksyon yon fason pou yo toujou gen pouvwa pou kontwole tout richès peyi pandan pèp la ap viv nan kras nan mizè.

Ekonomis lan tou pwofite denonse zak ensekirite a, kidnapin nan, lavi chè a ak move sityasyon popilasyon ayisyèn nan ap viv nan dènye jou sa yo.

Nap raple Fritz Alphonse Jean te eli prezidan nan akò Montana a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …