AYITI JISTIS:

Jan sa te deja anonse, pwosè Clifford Brandt lan ki te gen yon sispansyon dodyans ki te pran pou Madi 4 Desanm 2018 pase a pa jij Denis Pierre Michel kite swete jwenn lis tout temwen a chaj e a dechaj ki site nan dosye a pou te prezante nan tribinal la answit pou te sinifye temwen yo, dat la te kontinye Madi 11 Desanm 2018 la, kote Clifford Brandt ak divès moun ki akize nan anlèvman ak sekestrasyon 2 jèn moscosso yo nan lane 2012 pase a nan kapital la te redemare nan vil gonayiv bò 10h konsa nan maten Madi 4 desanm nan.

Sa ki vin ajoute nan pwosè a seke jèn moscosso yo ak tout papa yo te prezan nan tribinal la pou te vin temwanye sou kòman anlèvman an te fèt. Kòman yo te sekestre elatriye.

Jij Pierre Michel Denis te mande yo prezante yon fwa ankò ayè mèkredi  ki te 12 Desanm lan a 10h Nan maten Pou kontinye ak pwosè a.

Lite bò 6h konsa lè jij la te dakò leve seyans lan pou kontinye nan mèkredi, kote fòs lòd yo deplase ak mr Brandt ak lot mesye ki te avèl yo pou al fèmen yo nan yon prizon ke otorite yo pa revele, nan sousi pou garanti sekirite akize yo ki tap  gen pou prezante nan tribinal la ayè mèkredi a Jan mèt Pierre Michel Denis ki ap prezide odyans lan te mande yo sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …