AYITI/REYAKSYON: ORDEDH REYAJI SOU DEKLARASYON MINIS DEFAKTO KI NAN TÈT MINISTÈ ZAFÈ ETRANJÈ A FÈ DEVAN KONSÈY SEKIRITE NASYON ZINI AN.

ORDEDH ki gen pou definisyon nan lang franse « Ordre Des Defenseurs Des Droits Humains » reyaji sou deklarasyon minis defakto zafè etranje a, Jean Victor Généus devan konsèy sekirite nasyon zini an kote li fè konnen tout bagay sou kontwòl nan lakou peyi Dayiti.

Selon ORDEDH, deklarasyon sa se yon deklarasyon ki revòltan pandan moun pa ka mache akoz ensekirite, kidnapin prèske chak jou, lavi chè menm se pa pale pou repete sa yo, pou yon moun gen kouraj pou li di tout bagay sou kontwòl.

Pilwen yo anonse yo pral ekri konsèy sekirite nasyon zini an pou drese yon tablo sonb de peyi a e fè konnen ki jan dwa moun yo pa respekte sou tout fòm.

Yon lòt bò, ORDEDH ki rekonèt pa gen gaz nan tèminal yo jan otorite defakto yo ta vle fè kwè a, wè yon gwo malè pandye sou do popilasyon an si yo ta kite desizyon pou gaz la moute a pase, selon dirijan ORDEDH yo plis timoun pap ka ale lekòl ane a, anpil biznis ap oblije fèmen pòt yo, chomaj la pral ogmante ak anpil lòt pwoblèm toujou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …