Ansyèn anbasadris peyi Etazini nan lakou peyi Dayiti nan lane 2012-2015 yo, Pamela Ann White drese yon tablo sonb de peyi a e mande pou yon fòs militè vin mete lòd sou bout tè papa Dessalines nan nan yon envitasyon repibliken yo te fè li nan yon odisyon komisyon zafè etranje yo nan kingrè a jounen jedi 29 septanm 2022 a.
Nan bat bout bouch madanm nan, li fè konnen li lè pou peyi Etazini sispann ap pale nan bouch de peyi Dayiti men yo dwe aji vit paske peyi Dayiti se yon eta ki an fayit kote anyen pap fonksyone ladann pa genyon gouvènman lejitim, lajistis pa egziste, pa gen palman, lapolis la pa an mezi pou goumen ak bandi yo ki kontwole peyi a prèske 60%.
Pilwen, mandanm nan deklare peyi Dayiti se kote yo kidnape plis moun nan mond lan, yo pa ka ap pale de eleksyon san yo poko deside yon plan pou rezoud pwoblèm sekirite a, selon madanm nan popilasyon an pa gen okenn konfyans nan premye minis defakto a, Ariel Henri, pou madanm nan mouche Ariel pa gen plas li nan yon gouvènman pwovizwa, sa li klè sou li. Madanm nan pwopoze pou jwenn kèk lidè pèp la gen konfyans nan yo pou jere tranzisyon an pandan de (2) lane ak misyon pou jere sekirite, manje ak eleksyon.
Yon lòt bò li deklare si administrasyon Biden nan pa degaje li rapid vid pou jere yon plan sekirite pou peyi Dayiti plis pase 1.3 milyon ayisyen nan wout pou mouri grangou ak bal kap tire ant bandi ak bandi, ant lapolis ak bandi.
Pou fini, madanm nan fè konnen dwe genyon gwo pase men ki fèt nan lapolis peyi Dayiti a nan tout sans nèt, li mande pou tout moun ki pral gen pou jere gouvènman tranzisyon an pa gen aksè ak eleksyon ki pral fèt yo pou bay peyi a yon gouvènman lejitim