AYITI/EDIKASYON: YON PWOFESÈ LEKÒL ADRESE LI AK TOUT PARAN YO POU RANTRE LEKÒL LA.

Pwofesè Hilaire Prophète ki se kowòdonatè CNOP-HAITI adrese li ak tout paran elèv nan lakou peyi Dayiti jounen premye oktòb 2022 a nan yon nòt pou laprès.

Pwofesè a mande ak tout paran yo pou kenbe pitit yo lakay yo jou kap 3 oktòb 2022 a, dat ke gouvènman defakto a te fikse pou ouvèti lekòl la. Selon pwofesè a kondisyon yo pa reyini pou lekòl ouvri anndan peyi a, desizyon pou moute gaz la ke gouvènman an pran an vin agrave bagay yo pi plis toujou sou do malere ak malerèz kap chache lavi.

Profesè a lonje dwèt sou plizyè kote lajan ap gaspiye anndan peyi a tankou 15 milyonn dola kap gagote nan dyaspora a, selon sa li fè konnen li lonje dwèt sou 7 milyon dola kap pase nan kontrebann sou fontyè a, san konte anpil lòt kote li lonje dwèt li.

Pilwen pwofesè a poze tèt li kesyon poukisa lajan kap gaspiye yo paka koupe pou jere gaz la, selon li se popilasyon an menm yo vle antere plis nan twou, pou sa li mande pou premye minis defakto a ak tout akolit li yo bay talon yo.

Yon lòt bò li denonse pri tout bagay kap moute tèt nèg anndan peyi a, li denonse produi premye nesesite yo ki byen wo nan depatman Grandans lan ak anpil lòt kote ankò anndan peyi, li denonse pri kous machin yo pou repete kèk nan denonsyasyon li yo. Pou sa li mande tout paran kenbe pitit yo lakay yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …