Premye minis defakto a, Ariel Henri pran desizyon pou bloke tout depans konsèy siperyè jidisyè a ki gen ti sig nan lang franse CSPJ selon enfo nou rive jwenn.
Mouche a pran desizyon sila paske manm CSPJ yo pat deside antre nan mafyozo ak li pou te nome plizyè jij ilegal nan tèt konsèy la. Pou moutre pouvwa li, Ariel Henri mande minis finans li, Michel Patrick Boivert pou pa debloke yon santim pou konsèy siperyè jidisyè a.