AYITI/KRIZ: PEYI LARISI AK LACHIN BAY PLIZYÈ REZON POU KONSÈY SEKIRITE ONI AN PA POTE BOURE SOU DEMAND GOUVÈNMAN DEFAKTO A POU VOYE YON FÒS MILITÈ NAN PEYI DAYITI A.

Nan yon bat bouch konsèy sekirite nasyon zini yo jounen lendi 17 oktòb 2022 a, reprezantan peyi Lachin ak peyi Larisi bay plizyè rezon pou peyi manm yo pa pote boure sou demand gouvènman defakto a pou voye yon fòs militè nan peyi Dayiti.

Reprezantan de (2) peyi yo fè konnen gouvènman defakto a ki gen nan tèt li Ariel Henri pa fè anyen pou rezoud kriz la, selon yo gouvènman an pa gen okenn kapasite ni volonte pou jwenn yon solisyon nan pwoblèm peyi Dayiti ap konnen nan dènye jou sa yo.

Yon lòt bòt peyi Lachin ak Larisi raple peyi manm yo ke gouvènman ki pran desizyon pou mande yo pou voye yon fòs militè pou vin met lòd pou yo a pa lejitim, si yo antre nan yon bagay konsa sityasyon an pral pi move nan peyi Dayiti, yo mande peyi manm yo pou pridan nan desizyon ke yo ap gen pou pran yo.

Pilwen yo fè konnen se pa voye yon fòs militè nan peyi Dayiti ki pral rezoud anyen, pou yo yon fòs militè pral mete plis lwil sou dife a, bagay la pral pi makawon e lè sa yo pral gen tout responsabilite yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …