AYITI/MANIFESTASYON: POPILASYON KAFOUFÈY LA KI TE AL CHACHE SEKOU LAPOLIS RESEVWA ANPIL KOUT GAZ KÒM REPONS

Lapolis bonbade ak kout gaz plizyè santèn moun Kafoufèy ki tap manifeste jounen lendi 14 out 2023 a pou mande gouvènman defakto a ak lapolis pote yo sekou anba bandi.

Kòm repons lapolis sakaje manifestan yo ak gaz nan blòk chanm mas olye yo pote yo sekou, manifestan yo ki te an kòlè te mete barikad sou tout pakou yo, e voye anpil pawòl piman bouk kont premye minis defakto a, Ariel Henri ak direktè jeneral defakto, Frantz Elbé ki nan tèt lapolis la.

Selon manifestan yo se yon plan Ariel genyen ak Elbé pou remèt bandi yo Kafoufèy yon fason pou yo fè kidnapin yo san pwoblèm.

Nap raple bandi « Gran ravin » yo ap goumen depi mwa novanm 2022 pou pran kontwòl tout zòn nan Kafoufèy, lapolis pa janm mennen yon operasyon pou bloke sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …