AYITI/ENSEKIRITE: ZÒN BON REPO REVEYE ANBA GWO KOUT BAL MATEN JEDI A.

Byen bonè maten jedi 17 out 2023 a gwo kout bal zàm otomatik ap chante nan Lilavwa ki chita kò li nan zòn Bon Repo komin Kwadèboukè.

Selon enfo nou rive jwenn de kèk moun nan zòn sila a se ta gwoup bandi Kanaran yo ki tap eseye fè yon pote boure sou zòn nan, anpil moun se anba kabann yo pran pou pa viktim anba kout bal bandi yo, gen enfo ki ta fè kwè ta gen plizyè moun ki ta pran bal.

Nap raple depi kèk jou bri ap kouri nan plèn nan ke bandi nan Kanaran yo ap anvayi Bon repo, menm te gen rimè ki tap kouri ayè ke yo anvayi zòn nan, yon rimè ki pat verite.

 

Vini konnen ki avantaj ki genyen lè nou itilize zanmann pa bliye pataje,abòne,like…👇👇👇👇👇👇 https://youtu.be/thuw8IF-j9k

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …