AYITI/ENSEKIRITE: GWO PANIK NAN PLIZYÈ ZÒN ANNDAN PEYI A, ANPIL PRIDANS POU JOUNEN VANDREDI 25 OUT 2023 A NAN ZÒN SA YO.

Gwo sityasyon panik nan plizyè zòn nan lannwit jedi 24 out 2023 a, anpil kout bal tire nan Kafou fèy, Taba, Nazon, Kriswa, Lilavwa ak tout zòn ki tou pre yo.

Yon sityasyon ki te mete gwo panik nan mitan popilasyon an, anpil nan yo te oblije pran manchèt yo, moute barikad yo nan pi wo nan lannwit jedi 24 la pou anpeche bandi yo anvayi yo.

Se ka pou moun Tijo, Kanapevè, Kriswa, ak kèk zòn ki tou pre yo, anwo pa desann, anba pa moute, anpil alèt lanse pou zòn sa yo pou « weekend » nan anpil pridans ak moun ki ta gen entansyon fè wout sa yo pou jounen vandredi 25 out 2023 a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …