Plizyè polisye anndan lapolis nasyonal peyi Dayiti denonse dezisyon ke wo kòmandman lapolis la pran pou retire yon seri gwo zàm nan kèk komisarya ak kèk biwo leta.
Selon polisye sa yo ki pat vle non yo site, wo kòmandman lapolis ta retire yon seri zàm tankou Galil, M14, T65 pou site sa yo nan yon seri komisarya ak kèk biwo leta pandan bandi yo ap taye banda nan peyi nan touye moun, kidnape moun, fè moun kite kay yo anba bal e atake komisarya.
Polisye yo ale pi lwen pou fè konnen bandi yo rive anvayi komisarya Savann Pistach la apre gwo chèf yo pat pote yo sekou, olye pou wo kòmandman an te ba yo minisyon se zàm polisye yo te konn itilize pou goumen ak bandi yo yo te vin pran, sa ki ta pral pouse polisye yo abandone komisarya a jiskaske bandi yo rive pran kontwòl yon bon pati nan Kafoufèy.