AYITI/SANKSYON: MOUN NÒDÈS PA DESIDE KANPE, PREZIDAN DOMINIKEN AN KREYE YON MWAYEN POU BLOKE KANAL LA.

Prezidan dominiken an, @Luisabinader ki ap itilize tout mwayen pou fòse moun Nòdès kanpe travay kanal la, kreye yon mwayen pou atenn objektif li.

Yon mwayen ki pa fè moun Nòdès ni cho ni frèt, apre delè Luis Abinader te bay pou moun yo pou te kanpe travay la, nan ka yo pa kanpe lap fèmen tout fontyè li yo ak peyi Dayiti e li pap vann ayisyen yo viza, mesye ale pi lwen apre delè li a li idantifye 9 ayisyen ladan yo twa (3) ansyen senatè nòdès, Wanique Pierre, Jacques Sauveur Jean, Jean Baptiste Bien-Aimé, Ardouin Zephirin, Camille Samson, Wideline Pierre, Jeantel Joseph ki kontwole kò BSAP ak jounalis Luckner Desir ke tout moun konnen sou non Louko, selon mesye a se moun sa yo ki pi cho devan bann nan, li mande yo pou pa mete pye nan peyi li nan estrateji lap kreye pou kanpe travay yo.

Yon lòt bò abitan nòdès yo ki jwenn sipò anpil moun nan lakou peyi Dayiti kou nan peyi lòt bò dlo ap frape di nan nwit kou lajounen pou fini travay la, mesye BSAP yo ki kanpe ak popilasyon an nan travay la ogmante, yon lòt gwoup soti Okap al rejwenn yo.

Selon anpil nan moun mesye Abinader di pa met pye devan pòt li yo, sanksyon sa pa ka fè yo fè bak, yo pap abandone, yo ap kanpe tòf ak popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …