AYITI/KANAL: PREZIDAN DOMINIKEN AN VLE ITILIZE FÒS KENYAN YO POU DEZAME AJAN BSAP YO POU KANPE KANAL LA.

Prezidan dominiken an, Luis Abinader ki ap itilize tout estrateji pou fòse ayisyen yo kanpe sou kanal la, ta vle itilize fòs kenyan yo pou kapab dezame ajan BSAP yo yon fason pou kanpe kanal la.

Plan sila ki rive jwenn ajan BSAP yo, yo pa pran tan pou reyaji e voye yon mesaj klè bay mouche Abinader, yo fè konnen se byen konte mal kalkile, yo pap bat ba, pèsòn moun pa ka vin dezame yo, yo fè konnen se sou kadav yo pou fòs kenyan yo pase pou vin fèmen kanal la.

Pilwen ajan BSAP yo mande pou tout ougan, malfektè, bizango pou site sa yo pou vin met men ak yo pou konbat dominiken yo ak tout lòt peyi ki ta vle vin dezame e bloke kanal la.

Nap fèw konnen depi anons peyi Kenya kap gen pou pran kontwòl fòs milti nasyonal la, otorite dominiken yo pa sispann rankontre ak otorite peyi Kenya yo, yo menm siyen plizyè papye ke okenn  moun nan otorite defakto aysisyen yo pa konn sa ki di ladan yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …