AYITI/SENDOMENG: OTORITE DOMINIKEN YO DENONSE OTORITE AYISYEN YO KI PA RESPEKTE MO YO NAN KESYON OUVÈ FWONTYÈ A.

Jan yo te anonse sa, moun Wanamèt pa okipe dominiken yo ki te ouvri fwontyè yo maten mèkredi 11 oktòb 2023 a pou te ka vin vann.

Ouvèti sa te fèt an prezans Elio Uceta ki tap pale nan non direksyon jeneral migrasyon an, li fè konnen yo te antann yo ak otorite yo nan peyi Dayiti pou te ouvri fwontyè a pou te vann pwodui dominiken yo ak ayisyen yo e yo te dakò ak kondisyon an e lè yo rive yo jwenn bò pa ayisyen yo fèmen yo pa ouvri, li fè konnen otorite ayisyen yo pa kenbe mo yo.

Nap fèw konnen fwontyè te ouvri sèlman pou dominiken yo te vin vann nou sèlman, e yo te fè konnen yo pap vann nou fè, siman, bwa pou site sa yo, ki selon anpil moun se yon kalkil pou nou pa jwenn materyo pou fini kanal la.

Nap raplew se pa otorite ayisyen yo ki pat deside ouvri fwontyè a se popilasyon an ki te anonse yo ap bay dominiken yo yon leson, kou yo ouvri yo menm yo ap fèmen pa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …