Nan yon konferans pou laprès jounen 16 novanm 2023 a, dat ki make senk (5) lane depi li te prete sèman kòm chèf kilt vodou a nan lakou peyi Dayiti, ougan Cedral Noelus adrese li ak gouvènman defakto a.
Ougan an mande leta ayisyen pou sispann pran desizyon ak moun ki pa reprezante vodou a legalman, li fè konnen li pat prete sèman pou yon ti pati nan peyi a men li te prete sèman pou tout peyi a, sa ki vle di leta a konnen li kòm chèf sektè a.
Li ale pi lwen pou fè konnen li fè anpil maryaj, sa yo rele « plase » nan sektè a, li fè anpil batèm sa yo rele « andwaye »a e li mete reprezantan sektè a nan plizyè komin ak depatman anndan peyi a, li fè konnen li fè anpil fòmasyon pou jèn yo kapab konnen ki enpòtans vodou a genyen nan kad travay lap fè nan sektè a.
Li tou pwofite mande gouvènman defakto a pou ankonpaye moun yo nan kanal la, mete sekirite anndan peyi a pou popilasyon kapab sikile lib e libè, pou peyizan yo kapab plante elatriye.