AYITI/KANAL: YOUN NAN GWO SÒLDA KANAL LA MOURI

Militan Fernando ki te toujou ap goumen pou kanal la pa kanpe e ki te konn mete anpil plezi nan jan li te konn ap voye mesaj bay prezidan dominiken Luis Abinader ak otorite defakto yo nan lakou peyi Dayiti mouri.

Yon bri lanmò ki tonbe jounen 13 desanm 2023 a, mete anpil tristè nan vil Wanamèt, selon enfo yo militan an te fè sik se sa ki ta koz li mouri men, pou fanmi li ak kèk moun nan vil la se touye yo ta touye militan an pou konviksyon li.

Nap fèw konnen Fernando se militan ki te konn toujou ap pale an « o » a, li se youn nan moun ki te toujou ap goumen pou diyite pèp ayisyen an, se sa ki te rann li popilè.

Nou swete li bon travèse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …