AYITI/POLITIK: PATI TRAVAYÈ REVOLISYONÈ AYISYEN REYAJI SOU KONJONKTI POLITIK LA NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 28 desanm 2023, Pati travayè Revolisyonè Ayisyen ki gen ti sig PTRA reyaji sou konjonkti politik la nan lakou peyi Dayiti.

« Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen( PTRA)

Pa etone de rezilta politik, ekonomik ak sosyal Peyi Dayiti Jodi a ki se plan kominote kriminèl entènosyonal yo nan tèt kole ak klas boujwazi kriminèl nan Peyi a.
Devan rezilta kastastwòf parèy pèp Ayisyen an ap viv Depi yon bon bout tan , ki bay kòm konsekans: grangou, mizè tout kalte, kraze tout rezistans popilè yo ak enstalasyon gang kriminèl asasen nan tout katye popilè( Bèlè, kafou, Kafou-Fèy, Matisan, Kafou, Solino, Lasalinn, Site Solèy, elatriye, ki te gen tradisyon kenbe byen dyanm rezistans popilè a.
PTRA rete paka lòt solisyon ki pou delivre Peyi a, ak bloke tout krim ke gang kriminèl planifye pou demantibile rezistans ak kapisite Ayisyen an ki toujou leve kanpe lè sitiyasyon an twò malouk pou li.
Enstalasyon nan tout katye popilè yo se pou kanpe an kwa kont tout mobilizasyon popilè ki ka debouche sou yon vrè Revolisyon pou libere Peyi a ak mas Popilè yo.
PTRA ap pwofite denonse kèk medya phtk kap sal lespri ti jènn yo nan peyi a ak yon vye kesyon guy filip ki blan patwon l sot fè misye pase 7 lane dèyè bawo pou aktivite voye dwòg nan peyi etazini ak blanchiman lajan dwòg , ke li te rekonèt ki te koopab, sa k parèt dwòl, medya phtk sa yo pa Jennen pou vye pwopagann sispèk y ap fè sou rezo a, medya phtk sa yo panse yo reekri listwa, yo pap sis, PTRA ap pwofite pou l denonse ak veye tout San koutya kap vinn sal lespri jenès ki pat travay kolonn asasen kriminèl sa yo ki tap travay pou etazini lafrans ak kanada ki te fè koudeta 2004 la ki fini ak Peyi a. PTRA Mande pèp Ayisyen an pou mare senti yo menm Jan ak zansèt nou pou n fè yon lòt 1804.

Viv yon Revolisyon sosyalis popilè!
Viv bonjan brigad Revolisyonè ak militan konsekan nan tout katye popilè pou dechouke tout gang kriminèl!

Viv yon gwo leve kanpe popilè nan 4 kwen peyi Dayiti!

Pou sekretarya Jeneral Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen an
Pierre Jean Luckner
alyas DJO OULIANOV

28 Desanm 2023. »

Nòt sila pote siyati sekretè jeneral yo, Jean Luckner Pierre ki gen non politik Djo Oulianov.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …