AYITI/BENEN: YON ESTATI JEAN JACQUES DESSALINES ENSTALE NAN PEYI BENEN NAN OKAZYON 220 LANE PEYI DAYITI A.

Yon estati Jean Jacques Dessalines enstale nan peyi Benen jounen 1e janvye 2024 la nan okazyon 220 lane endepandans peyi Dayiti a.

Estati sa ke jèn ayisyen Dumond Borgella, ansyen etidyan « ENARTS » reyalize a peze 26 kilogram, li mezire 34 pous pa 24, se yon estati an bwonz ki reprezante figi papa nasyon peyi Dayiti a, Jean Jacques Dessalines, li jwenn kout men yon gwoup ayisyen kap viv nan peyi Benen.

Selon sa atis la fè konnen se pa premye travay li fè pou mete an valè ras nwa a, li reyalize plizyè lòt estati deja ki reprezante Jacques Stephen Alexis, Patrice Lumumba, Kemi Seba pou site sa yo.

Nap fè ou konnen Benen se yon peyi ki pale fransè, li nan lis 16 peyi « Afrique de l’ouest » yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …