AYITI/ENSEKIRITE: PEYIZAN YO NAN LATIBONIT BAY REZON KI FÈ GOUVÈNMAN DEFAKTO A METE BANDI NAN DEPATMAN AN.

Plizyè peyizan nan Latibonit reyaji jounen 1e janvye 2024 la sou kònpòtman gouvènman defakto a nan sa kap pase nan depatman an e yo kwaze bwa yo.

Selon peyizan yo gouvènman defakto a ap travay pou kominote entènasyonal la ak yon tranch nan sektè prive a pou detwi peyi a, pou yo ka ret sou pouvwa a e fè lajan.

Pou kore sa yo di a, yo fè konnen zak ensekirite a ki rive nan Latibonit la se yon plan pou kraze pwodiksyon nasyonal la e anpeche peyizan yo viv pou vye manje etranje kapab antre nan peyi a, yo fè konnen gouvènman defakto a gen pousantaj sou tout vye pwodui kap rantre nan peyi a, se rezon sa nan plas diri a, lalo a se zàm ak bal yo plante pou fòse abitan yo kouri e abandone jaden yo.

Pilwen yo fè konnen si se pat plan gouvènman an, kominote entènasyon la, sektè prive a pou site sa yo, pwoblèm ensekirite a tap rezoud, selon abitan Lyankou yo yo gen plizyè ane depi bandi ap panike yo menm pou yon fwa lapolis pa fè entèvansyon, bandi yo bloke tout sa yo konn fè, yo bloke dlo nan kanal yo, yo vòlè bèt peyizan yo, yo touye peyizan yo, yo kidnape yo pou repete kèk nan sa yo tap di yo, gouvènman defakto a pa kyè, misyon kap akonpli.

Poutan, selon abitan yo gen moun kap achte tè peyizan yo pandan deblozay yo la, gen tè bandi yo vòlè bay patwon yo, tout sa yo moutre a klè ke se yon plan pou elimine peyizan yo, kraze kilti peyi a.

Peyizan yo mande tout moun nan tout kouch nan sosyete a pou ini yo pou delivre peyi a anba men gouvènman defakto a, kominote entènasyonal ak sektè prive.

 

Kredi foto: Haitilibre

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …