AYITI/POLITIK: GWO TANSYON NAN KAPITAL PEYI DAYITI APRE DEKLARASYON GUY PHILIPPE.

Sityasyon konplike nan lakou peyi Dayiti apre ansyen chèf rebèl nan lane 2004 la, Guy Philippe fin adrese li jounen dimanch 14 janvye 2024 la ak popilasyon an.

Guy Philippe mande popilasyon an pou leve kanpe pou mache fèmen tout pòt biwo leta yo sof komisarya yo ak lopital jou kap lendi 15 janvye 2024 la, yon mesaj ki tranble peyi a ki mete tout moun sou sispenn.

Ansyen chèf rebèl la lanse mouvman sa pou fòse premye minis defakto a, Ariel Henri ak alye li yo pou kite pouvwa a, mouvman sa  deja deklanche nan vil Jeremi, plizyè lòt vil nan peyi a anonse yo ap met pye yo atè.

Tou swit apre mesaj sila anpil kout bal deklanche nan mitan bandi yo, nan plizyè zòn nan kè kapital la se gwo kout bal nan mitan jounen dimanch lan pou rive lendi 15 janvye 2024 la.

Yon mouvman ki parèt sispèk, ki selon anpil moun se pou anpeche popilasyon an pran lari pou defann dwa yo jan ansyen senatè Grandans lan, Guy Philippe mande yo sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …