AYITI/ENSEKIRITE: GOUVÈNMAN DEFAKTO A NAN TÈT KOLE AK BANDI DESIDE ELIMINE GRANSID LA.

Sityasyon konplike pou moun kap viv nan Gransid peyi a, se anba gwo difikilte pou yo jwenn pwodui premye nesesite, gaz ak lòt pwodui moun sèvi.

Selon enfo yo sityasyon sa rive akoz bandi ki pran kontwòl tout rantre ak soti sid la, pou yon machin pase li dwe peye pou pi piti twa (3) gwoup bandi, e se lè yo deside pou kamyon pase pou yo pase, nan dènye jou sa yo bagay yo vin konplike, anyen pa travèse Mariani malgre moun yo itilize lanmè pou travèse kèk pwodui bandi al pran yo tire yo kidnape yo.

Gouvènman defakto a bò kote pa yo pa fè anyen pou rezoud pwoblèm nan, selon anpil moun se yon plan bandi yo ak gouvènman defakto an pou mete popilasyon an nan sityasyon difisil.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …