AYITI/POLITIK: GOUVÈNMAN DEFAKTO A VOYE YON MESAJ KLÈ BAY PÈP LA AK GUY PHILIPPE.

Pou kraze mouvman revolisyon an ki ap mande demisyon premye minis defakto a, Ariel Henri ak alye li yo nan tout peyi a, gouvènman defakto a tanmen plizyè estrateji pou febli mouvman an.

Pami estrateji yo, youn nan moun ki toujou pote mesaj gouvènman defakto a, Paul Girot Jean Baptiste ke tout moun konnen sou non « Pa anmède li » voye anpil mesaj bay moun ki ap fè mouvman an yo espesyalman ansyen chèf rebèl nan lane 2004 la Guy Philippe.

Mesye a anonse yo pral arete ajan BSAP ak polisye ki ap mache ak Guy yo, li ale pi lwen pou li di menm lè yo mete kagoul yo konnen yo yo ap rekonèt yo, li anonse Guy twò alèz li pral gen manda dèyè li pa twò lontan. Li deklare tout moun kap sipòte Guy yo pral gen sanksyon kont yo.

Nou ap fè ou konnen byen bonè maten lendi 22 janvye 2024 la, pou pi piti senk (5) moun mouri ak kout bal e plizyè lòt soti blese nan vil Jeremi, e selon enfo yo moun sa yo tap mobilize pou manifeste pou rele chalbare dèyè gouvènman defakto a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …