AYITI-DYALOG: YON PATI POLITIK MANDE AKTE KONSENE YO SISPANN AK KOZE TWOUB POLITIK LA KI METE PEYI A SOU GWO TANSYON

« ANSANM NOU FO » se pati politik sa ki sòti nan silans li pou di aktè politik yo sispann bwase bil peyi a ak koze twoub politik ki anpeche aktivite yo fonksyone nan peyi a, men pito yo chita ansanm pou retire peyi a nan sikonstans li retwouvel la.

« ANSANM NOU FO » bay yon ide sou desizyon ki dwe pran pou pèmèt bagay yo retounen nan lòd:

1) Mete sekirite nan peyi a pou aktivite yo ka reprann nòmalman.

2) Mete kanpe konsèy elektoral pwovizwa a.

3) pase men nan enstitisyon Etatik yo nan tout nivo pou gen yon pi bon rezilta.

Pati politik la di li kore epi mande avèk PM Ariel HENRY, kontinye dyalòg yo pou mennen peyi a nan bon direksyon an, yon fason pou tout pitit peyi a ka viv nan bon kondisyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …