AYITI/KRIM/PWOTESTASYON: YON ÒGANIZASYON DWA MOUN DENONSE ZAK GWO PONYÈT LAPOLIS LA AP FÈ SOU MANIFESTAN YO.

Orde des Défenseurs des Droits Humains ki gen ti sig (ORDEDH) denonse nan yon kominike pou laprès ki pote dat 7 fevriye 2024 la move konpòtman lapolis genyen sou moun kap mande premye minis defakto a, Ariel Henri kite pouvwa a.

òganizasyon an denonse zak vyolans polisye yo fè sou yon timoun, kote yo pran li ak gwo kout bòt san li pat gen anyen nan men li, yo denonse yon polisye ki bay yon manifestan yon kout boutèy nan tèt, san konte plizyè lòt yo bay bal ak gaz lakrimojèn.

Pilwen òganizasyon an kritike jan lapolis touye senk (5) ajan BSAP san pa te genyen okenn afwontman, jis paske yo kanpe nan kan popilasyon an ki ap mande nan tout peyi a pou premye minis defakto a, Ariel Henri retire kò li sou pouvwa a.

Pou rezoud pwoblèm nan òganizasyon an mande pou doktè a respekte akò yo, yo mande kominote entènasyonal la pou sispann sipòte Ariel Henri, yo mande pou genyon pase men nan lapolis la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …