AYITI/REVANDIKASYON: PLIZYÈ ETIDYAN NAN INIVÈSITE UNASMOH NAN KAFOU AN DIFIKILTE.

PLizyè etidyan nan fakilte UNASMOH nan Kafou an difikilte pou jwenn papye apre yo fin boukle kou yo.

Sityasyon sa rive akoz dekana a ta vle fè gradyasyon men pa rapò ak jan pwoblèm ensekirite a ye a, anpil nan etidyan yo pa wè se yon bon ide pandan inivèsite a ki nan kafou oblije fèmen pòt li akoz bandi ki avayi komin nan selon sa kèk etidyan fè nou konnen.

Pilwen etidyan denonse dekana ki ta mande 30 mil goud pou gradyasyon ak 2500 goud pou yo ta jwenn papye, ki vini yon obligasyon, ke ou deside gradye, ke ou pa deside ou oblije bay lajan sila. Selon etidyan yo gradyasyon an ta prevwa fèt Dèlma.

Etidyan yo mande enstans konsène yo pou te yo sekou, selon sa yo fè konnen moman yo di, ensekirite grav.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …